Yon pasyon ki la depi lontan, yon sèvis tretè ki sòti anndan kè.
Mwen rele Manette, men tout moun ki pròch mwen rele m Manou. Depi m te piti, mwen te toujou gen yon lanmou natirèl pou kwizin. Mwen te kòmanse kwit manje depi m te gen anviwon 7-8 lane, mwen te konn ap gade epi ede nan kwizin fanmi an.
Kwit manje te vin tounen yon plezi pou mwen — se yon fason pou m montre lanmou, pran swen lòt moun. Kit se pou fanmi mwen, zanmi, oswa moun mwen pa konnen. Wè moun kap souri apre yo fin manje bon manje mwen fè, se pi gwo satisfaksyon mwen te ka genyen.
tank tan ap pase, mwen toujou ap jwenn anpil kompliman ki soti nan fanmi m, zanmi m, kòlèg travay mwen, epi menm etranje ki goute manje mwen, te ankouraje m franchi yon pa. Se konsa La Touche de Manou te vinn parèt : yon sèvis tretè ki fèt ak pasyon, senserite, epi atansyon sou chak ti detay.
Espesyalite mwen : mwen fè manje ayisyen , ki soti nan rasin mwen, men ki ouvè tou sou gou lòt kote nan mond lan — toujou ak ti touch pa m.
Kwizinye prensipal
Yon plat ayisyen kolore ak griot kroustiyan, diri kole ak pwa wouj, bannann peze dore ak pikliz épicé : yon klasik gou epi ekilibre!
Yon plat ayisyen rafine ak diri Djon Djon ak djondjon nwa, kwis poul fri, kribich dore ak pikliz épicé pou plis fraîcheur!
Yon omelette jenere ki gen djondjon, zèb fre ak zuchini pou yon repa lejè ak gou!
Moso poul kroustiyan, dore a pwen, ak ti branch aneth fre ak tomat seriz pou plis koulè ak fraîcheur!
Meni espesyal, buffet oswa sèvis asyèt pou selebre gwo jou w ak anbyans ki pap janm bliye.
Cocktail, buffet oswa repa konplè pou reyinyon, konferans ak lansman ki reyisi.
Buffet fèt, gato pèsonalize ak sèvis kle nan men pou tout selebrasyon fanmi ou.
Ti goute sale, dous, ak sèvis ba pou resepsyon ou, prezante ak élégans ak gou.
Tout mèb ki nesesè : chèz, tab ak akswa pou konfor ak style optimal.
Vè, asyèt, kouto, fouchèt ak bèl nap pou tab ki byen prepare pou envite yo.
Livrezon rapid, enstalasyon kòrèk ak dekorasyon buffet ki fè bèl enpresyon.
Opsyon vejetaryen, vejan oswa san alèji adapte ak gou ou ak bezwen envite yo.
Copyright © Tout dwa rezève — Design by Gauss K